Contract
1. Kisa Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman an ye?
Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman (Housing Stability Notification Act, HSNA) an ▇▇ ▇▇▇ Òdonans Vil Boston adopte ▇▇▇ Oktòb 2020 ki egzije pou nenpòt pwopriyetè k ap planifye pou mete fen ▇▇▇ ▇▇▇ ▇▇▇▇▇▇ lokasyon dwe bay lokatè a yon Avi Dwa ak Resous Lokatè a.
HSNA an egzije pou pou pwopriyetè yo bay Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo bay lokatè yo lè pwopriyetè yo kòmanse pwosesis degèpisman an oubyen lè pwopriyetè a deside pou li pa ofri lokatè a yon renouvèlman kontra lokasyon an. Yo dwe remèt Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè a anmenmtan ak Avi Degèpisman an.
Yo dwe remèt Avi Dwa ak Resous Lokatè a bay nenpòt lokatè yo ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ li degèpi sou pwopriyete a. Pe egzanp, si yon moun ap achte yon pwopriyete yo te mete poze-sele sou li (fòklizyon), oubyen nan men yon bank oswa ▇▇▇ ▇▇▇▇▇ ipotekè, yo fèt pou bay Avi sa a bay ansyen pwopriyetè pwopriyete a, oubyen nenpòt lokatè ki abite sou pwopriyete a.
HSNA mande tou pou pworpiyetè yo ak pwopriyetè k ap benefisye fòklizyon an ▇▇▇▇ ▇▇▇ kopi Avi pou Degèpi a oswa Avi Non-Renouvèlman Kontra Lokasyon an, ansanm ak yon Sètifika Konfòmite/Sèvis, bay Biwo Estabilite Lojman Vil Boston an nan adrès ki make anba la a:
City of Boston
Department of Neighborhood Development Landlord Notices, Office of Housing Stability ▇▇ ▇▇▇▇▇▇▇ ▇▇▇▇▇▇
Boston, MA 02114
2. Poukisa yo te adopte nouvo Òdonans sa a?
Yo te adopte ▇▇▇▇▇▇▇ la pou ▇▇▇▇▇ ▇▇ lokatè yo ak ansyen pwopriyetè yo konprann dwa yo lè yo mete fen nan lokasyon oswa okipasyon rezidansyèl yo, epi ke yo konnen ajans ki gendwa ede yo.
Nan anpil ka, ajans yo kapab ede jwenn finansman pou peye aryere ▇▇▇ ▇▇▇▇▇ lwaye oubyen pou bay sèvis ki nesesè pou evite degèpisman. Lè li pa posib pou rezoud pwoblèm degèpisman ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ ale ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ Tribinal, HSNA pral bay lokatè/ansyen pwopriyetè yo yon pibon opòtinite pou jwenn konsèy epi/▇▇▇▇ ▇▇▇ avoka.
3. ▇▇▇▇ nouvo egzijans sa yo ap anplas?
HSNA ap anplas koumanse 6 novanm 2020.
Kesyon Moun Poze ▇▇▇▇▇▇ ▇▇▇ Pwopriyetè ▇▇▇
4. Kisa òdonans ▇▇ ▇ ▇▇▇▇▇ mwen fè?
▇▇ ▇▇▇ pwopriyetè oswa pwopriyetè k ap fè fòklizyon remèt yon lokatèoswa yon ansye pwopriyetèyon Avi Degèpisman oubyen yon avi non-renouvèlman kontra lokasyon, yo dwe founi anmenmtan yon Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo.
Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo ansanm ak Sètifika Konfòmite/Sèvis la kapab telechaje nan ▇▇▇▇▇▇.▇▇▇/▇▇▇▇▇▇▇▇-▇▇▇▇▇▇▇▇▇▇▇▇.
Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo disponib ▇▇▇ ▇▇▇▇▇, Panyòl, Chinwa, Vyetnamyen, Kreyòl Ayisyen, Kap Vè, Pòtigè, Somali, Arab, Fransè ak Ris. Pwopriyetè a oswa pwopriyetè k ap fè fòklizyon an dwe prezante Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo ▇▇▇ ▇▇▇▇ Lokatè yo pito.
Si yon pwopriyetè chwazi pou pa renouvle kontra lokasyon an oubyen li kite kontra lokasyon an fini, li dwe remèt Avi konsènan Dwa ak Resous yo omwens 30 jou alavans ▇▇▇▇▇ ▇▇ derape nenpòt aksyon degèpisman ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ tribinal. Yo dwe voye Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo nan kourye ▇▇▇▇▇ oubyen ak kourye sètifye.
Nenpòt Avi Degèpisman oswa Avi Non-renouvèlman oswa Ekspirasyon Kontra Lokasyon yo voye bay yon lokatèoubyen yon ansyen pwopriyetè dwe kopye tou epi, ansanm ak yon Sètifika Konfòmite/Sèvis, yo dwe voye yo toulede ansanm bay Biwo Estabilite Lojman Vil Boston an nan:
City of Boston
Department of Neighborhood Development Landlord Notices, Office of Housing Stability ▇▇ ▇▇▇▇▇▇▇ ▇▇▇▇▇▇
Boston, MA 02114
5. ▇▇▇▇▇▇ ki dwe respekte Òdonans sa a?
Si ou ▇▇ ▇▇▇ pwopriyetè/pwopriyetè k ap fè fòklizyon ki gen lentansyon pou mete fen ▇▇▇ ▇▇▇ lokasyon oswa okipasyon yon inite aprè pwosesis fòklizyon an, Òdonans la aplikab pou w.
Òdonans la aplikab pou tout pwopriyetè oswa pwopriyetè k ap fè fòklizyon inite lojman oswa aranjman lojman nan vil Boston kote yo remèt ofisyèlman yon Avi Degèpisman oswa lòt Avi Non-renouvèlman oswa Ekspirasyon Kontra Lokasyon oubyen yo ta dwe remèt li ofisyèlman, bay lokatè oswa ansyen pwopriyetè ▇▇▇ la.
▇▇▇ ka degèpisman kote yo pa t remèt okenn ▇▇▇ ▇▇▇▇▇▇▇▇▇▇, yo dwe prezante Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo kanmenm bay lokatè a oswa ansyen pwopriyetè lojman an. Si w ap ▇▇▇▇▇▇ ▇▇▇ aksyon degèpisman ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ Tribinal, ou dwe prezante Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè yo bay lokatè oswa ansyen pwopriyetè a omwens 30 jou ▇▇▇▇▇ ▇▇▇ w depoze ▇▇▇▇▇▇ pou aksyon an.
6. Èske gen moun ki egzanpte pa rapò ak egzijans sa yo?
Wi. Pwopriyete ki egzanpte yo se rezidans:
1. nan nenpòt lopital, etablisman swen enfimye espesyalize oswa etablisman sante; ak
2. ▇▇▇ ▇▇▇ etablisman ki pa pou fè pwofi ki gen objektif prensipal li se bay tretman oswa asistans pou yon ti tan oubyen terapi pou alkòl, dwòg oubyen kosnomasyon abizif lòt pwodui toujou.
7. Èske yo kapab anile egzijans sa a?
Non. Egzijans Òdonans sa a pa kapab anile, epi nenpòt kondisyon nan kotnra lokasyon, kontra oswa lòt akò ki endike li renonse oswa limit dwa sibstantif oswa pwosediral yon lokatè oubyen yon ansyen pwopriyetè ▇▇▇ ▇▇▇▇▇ Òdonans sa a kontrè ak politik piblik, yo pa kapab mete l anplas epi li san okenn efè.
8. Antanke pwopriyetè, èske mwen kontinye bezwen bay Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè a si lokatè mwen yo se lokatè a tit prekè (tenants at-will)?
Wi. Tout lokatè yo ansanm ak lòt okipan legal yo, ki gen ladann ansyen pwopriyetè aprè fòklizyon an, dwe resevwa Avi konsènan Dwa ak Resous Lokatè a ki obligatwa.
Kesyon Moun Poze ▇▇▇▇▇▇ ▇▇▇ Pwopriyetè ▇▇▇
9. Kisa ki pral rive si antanke pwopriyetè, mwen pa konfòme mwen?
Chak fwa ou ▇▇▇▇▇ konfòme w ak egzijans Òdonans sa a, yo konsidere sa kòm yon vyolasyon apa, ki deklanche yon avètisman apa ▇▇▇▇ ▇▇▇ sanksyon lajan (▇▇▇▇▇) apa. Sof si yo endike lekontrè, moun oswa antite ki pa respekte Òdonans sa a pral pini epi resevwa yon avètisman oubyen l ap dwe peye ▇▇▇ ▇▇▇▇▇ konfòmeman ak atik Òdonans Vil Boston yo epi/oswa Manman-Lwa Vil Boston an, jan sa endike anba la a.
Lwa Notifikasyon Estabilite Lojman (Sek. 10-11.7) Antite k ap fè Mizanplas la: Depatman Sèvis Enspeksyon
1ye Vyolasyon: Avètisman
2yèm Vyolasyon ak tout lòt vyolasyon apresa yo: $300 pa jou